Email us for help
Loading...
Premium support
Log Out
Our Terms of Use and Privacy Policy have changed. We think you'll like them better this way.
Gendele m’rete M’gade-ou Ayida Loloj-mwen vire
Tet-ou gridap se vre Men lannuit genle Domi nan cheve-ou
Ayida o! Soley galonnen Nan tout plenn lakay Timounn-yo manje grangou Vant deboutonnen
Poban lannuit Tonbe sou fey lavi Lalin-nan tounen biva Men nwase-a pews konpe!
Ayida o! Kile jou-a va sevre?
Zonbi sige l’ale Zetwal file tonbe Zwazo leve chante Nan veye kay Ayida
Zekle file pase Zam rale tire Zanset leve kanpe Deblozay pete kay Ayida